bokomslag Danika ak Anika
Skönlitteratur

Danika ak Anika

Gamaelle Lubin

Pocket

359:-

Funktionen begränsas av dina webbläsarinställningar (t.ex. privat läge).

Uppskattad leveranstid 7-11 arbetsdagar

Fri frakt för medlemmar vid köp för minst 249:-

  • 162 sidor
  • 2024
Danika ak Anika se 2 sè marasa, yo pa gen ni manman ni papa, se grann yo ki leve yo. 2 ti medam yo pap viv pou lòt bagay: pou pwogram chawa pete yo. Kote plezi a ye, kote tafya a ye, kote dyaspora yo ye se la yo prale. Pèsonn pa ka ranje yo, ni grann yo ki se yon gwo sè levanjil, pa menm Brad ak Kawo ki se 2 jèn gason ki te rive renmen yo. Malerezman, yon aswè pandan y ap soti nan yon pwogram konsa yo fè yon gwo aksidan epi yo mouri. Men si tout lavi yo, yo pa te sispann mache danse nan pwogram, lanmò yo pa chanje sa. Wi, kòm si anyen pa te janm rive, moun kontinye wè yo paske yo fèk kare fè chawa. Sa lakoz gwo pwoblèm ak dlo nan zye. Zonbi yo pral aprann kèk gason kijan pou yo respekte fanm. Jwèt la fèk kòmanse !


Gamaelle Lubin fèt yon 11 Septanm nan Pòtoprens. Tout non li se Scheneida Gamaelle LUBIN. Li etidye dwa nan Fakilte dwa inivèsite leta a (FSDE/UEH). Jodia l ap travay nan INFOFIABLE ki se yon jounal sou entènèt lan e l ap goumen ak ASOSYASYON FANM KORE FANM pou rive fè respekte dwa fanm ak timoun yo nan sosyete a.
Gamaelle Lubin se youn nan 30 powèt EDITIONS VARELLA rive seleksyone nan konkou li te òganize ak lide pou kreye yon rekèy powèm tèt ansanm anba tematik « Haïti, tu renaîtras de tes cendres ». Danika ak Anika se premye liv li ekri.

  • Författare: Gamaelle Lubin
  • Format: Pocket/Paperback
  • ISBN: 9782386170102
  • Språk: Engelska
  • Antal sidor: 162
  • Utgivningsdatum: 2024-01-15
  • Förlag: Editions Milot & Varella